Nou nan menm bato

 

Nan lavi sa, gen anpil bagay ou ka pa konprann, ou pa wè ?

Anpe moun ap moute

            Yon pòsyon ap desann

Yon lot kantite ap travèse

Voye je w agoch, yon lòt ap janbe.

 

Wap wè, yo tout pa gen menm koulè ;

Genyen ki wouj

Genyen ki jòn,Genyen ki nwa ,

Epi , genyen ki blanch

 

 

Se chache wap chache konnen ?

Genyen yon ekip ki gen cheve swa

 Yon gwoup gen cheve  boukle

Yon lot menm genyen cheve grenn

Yo tout gen kalite cheve pa yo ?

 

Men, si tout moun te gen

 Menm cheve , menm koulè Yo t’ap genyen menm direksyon

Lavi a pa t’ap bel konsa

 

 

Moun pa t’ap bezwen vizite lot peyi

Yo tout r’ap gen menm reyalite a

Koze touris la  ta pral bwa chat.

 

 

Ou konn we zwazo k’ap vole ?

Yo tout pa gen menm plimay .

            Ou konn we le pyebwa yo ap danse

Le gen yon ti van dous  k’ap  pase ?

Tout fèy yo pa fèt menm jan ?

 

Sa mwen  we a se li  ou we tou ?

Malgre tout diferans sa yo

Nou sanble kanmenm  youn ak lot

Nou gen yon bagay ki makonnen nou ansanm

 Nou tout gen  yon sel objektif.

 

Ou  pa we ?

Nou tout gen de je ?

Pou nou we  sa ki byen epi denonse sa ki mal

Nou tout gen de zorey

Pou nou  tande  sa ki nan mizè  ak sa yo ki byennere

 

Nou tout gen yon sèvo

Pou nou panse  sa ki nan avantay nou tout.

Nou tout  gen  de men

Pou  nou travay  epi pran men  lot ki dekouraje sou chemen delivrans.

 

Pa kite egoyis bouche  je  w

Pa kite  rankin  fèmen pot ke w

Nou tout se pasajè

 Nou nan menm bato

Ann fe yonchenn solidarite …