Kompè Lyon al nan Kanaval



            Nan yon ti payi Karayib yo rele Ayiti.  Nan ti payi si la, nan yon forè fon fon fon nan bwa tèt monn vil Jakmel, viv yon gro lyon feros ki chak kanaval nan mwa fevriye kampe sou tèt monn pou-l gade defile kanaval.

 

            Sa li rinmin en pil se tout zannimo jing yo;  geyin giraf, lyon, zeb, chwal, chat, toro;  geyin tout bèt !  Yo bel, yo tout koulè, tout dimansyion.  Sa lyon rinmin tou se moun ki deguize en indyen, en chaloska, en mô, en indou, en alèkin, an kostim foklorik; geyin sak mete janm long, sak mete gro tèt, gro dada; geyin madam Sara ak panyin fèye sou tèt yo, geyin lamayot, dyab tout koulè ak zèl laj.  A yayaye!  min mizik la se sa-l rinmin plis!  Li rinmin wè cha plin ak mizisyen ki fè gro bri ak tronpèt, epi group a pye tankou rara ak tanbou ki geyin bel dessin vèvè sou yo, epi ak banbou byen long yo ki geyin vwa enwe yo.

 

 

 

 

            Lyon pa janm ka kompran ki jan fè tout zannimo jing sa yo pa nan monn li yan, se pou kanaval selman li wè yo.  Ane si la, li deside pou-l swiv yo pou li ka al viv ak yo.  Epi tou,  ane si la, lyon deside li pou-l chèche yon lyoness paske li pa ka rete nan solitid monn sa pou kol anko ak yon vie Jako tou deplimin ki pale en pil. 

 

 

 

            Tout lyon fin ale nan book li yan, depi machan chabon koupe dènye kras pyebwa kite bayo la vi.  Li menm pou kont pa-l, li tande nan radyo se pou moun konsève bwa, min se pa problèm moun, se guinlè problèm bèt sèlman.  Pandan Kompè Lyon ap reflechi, li tande, 

 

 

            ‘Kw a a a k !

            ‘Jako, sa-ou bezwin ? ‘

            Lyon di yon jako rouj, ki manke mwatye plim nan zel li.  Jako poze sou branch yon ti pye korosol, epi li di,

 

            “Bon, tande non mon kompè Lyon, ki lè wap deside-ou pou wal nan kanaval si la? Kanaval si la ? Kanaval si la ?  Kwaaak !‘  di Jako.

            Kompè lyon pa repon.

            ‘Kwaaak ! Mon kompè, desan nan kanaval non, wa Kontre yon ti danm. Konsa wa sispan plenyin ke ou pou kont ou. Kwaaak ! Wa sispan plinyin. Kwaaak! Wa sispan plenyin, ‘  Jako di e repete.

 

           

Kote sa-a Jako! mwen pa kon peson en ba-a !’ repon Lyon ak impasyans.

 

            ‘ ‘Ti moun ki pa krye, domi san tèt!’  ‘Si ou pa chèche ou pap jwen!’ Ou pap jwen ! Ou pap jwen ! Kwaaak !‘ di Jako.

 

            ‘Jako banm tèt mwen, ak provèb ou yo.  Mwen pap desan !’

 

 

            ‘Kwaak! Guinlè lyon timid, ou byen lyon kapon, kapon, kapon,’ repon Jako.

 

            ‘Ahhh non, sa se trop, Grrrrrrrrrr ! se lyon mwen ye, mwen paka kapon, ou tou wè Jako se timid mwen timid.’

 

            ‘Kompè Lyon,’ di Jako, ‘ ‘Prominnin chèche pa domi san soupe.’ Ale non, wap jwen yon ti danm.’

            Bon! Kompè Lyon reflechi, li pase gro pat li ya sou tèt drèdlok li-a epi li di,

            ‘OK, Kompè Jako, map desan nan kanaval.’

 

            Kompè Jako kontan.  Kwaaak ! Kwaak ! Li chante, li vole san rete, kou yon zwazo ki vale grinn pèp.

 

            Bon! Alèkile, Lyon fè bel preparasyon pou-l desan nan kanaval.  Li binyin nan rivyè dlo frèt la, frote pwèl krinyè li ak fèye korosol Jako kelli pou li pou-l ka santi bon. Li brose danl ak bwa chèch. Li rouji  bouch li ak yon ti moso roucou tankou bel ti danm li kon wè ki pral legliz les dimanch yo.  Aprè sa, Lyon kampe sou tèt monn nan pou-l fè yon bon van byen fo seche tout bel pwèl Jon e nwa li yo.  Li fè yon bel stil drèdlok ak krinyè li.  Lyon kontan. Lyon chante pandan tout preparasyon sila yo:

                ‘Min lyon, min lyon

                kap soti nan monn Jakmel

                Min lyon, min lyon

                poul lal danse kanaval ‘

 

            Geyen lontan lap pratike dans mering ak kompa  pou-l ka al  fè chèlbè.  Min Lyon geyin yon ti sekrè. Ou te met wè li parèt feros, min se yon lyon ki  geyen bon kè, epi ki kapon.  Si ou soufle sou Lyon, ti kèl vole kou yon ti moso papye dan lè.  Min ane si la, Jako konvink li.  Lyon di tèt li kon sa, li pap fè kapon enko, fo-l desan al nan kanaval.

 

 

            Bon! Lo lyon rive nan ri St Anne tou fre, tou senti bon.  Aye, se la jwa!  Tout moun deguize ap danse, ou byen nan la ri ou byen sou balkon, ak bra en lè, yap fè grouyad. Tout la ri ya dekore ak ballon epi ak  ti papiyot tout koulè mare nan fil. Tout gro zotobre ki fè biznis, mete banyè de yon balkon a yon lot pou fè piblisite; kanta pou odè fritaye banan peze ak gryo, sa melanje ak ou ti van fre ki soti nan bè Jakmel la. Se sa nèt ! Tanbou fin pran chin:

          “Latam pim bow

           Lakatam pim bow!”

 

 

 

            Lyon rantre nan bann defile zannimo yo ak yon pat en lè, ke-l nan yon lot pat, lap danse. Lyon di nan kè li : ‘A la yo bel ! tout mete makiyaj! A yayaye ! gade ti lyoness sa-a, krinyè li roz e rouj rive jist sou do-l !  Li gade bel lyoness sa nan ge.  Epi bon, se sa nèt!  Li tombe d’amou! Ge lyoness la klere kou yon bout glas nwa, epi lo ge Lyon tombe nan ge lyoness la, li pa menm bat ge-l. Lyon di tèt li, ‘Ahhh ! Lyoness d’amou tou!’ Lyon komanse fè pa, la-p fè chèlbè, la-p file.  Yo danse kot a kot, yo fè kole-kole jiskan solèye kouche, e sa, pandan twa jou.  Lo Lyon chante, tout moun pran chante tou :

 

 

 

                 ‘Min lyon, min lyon

                kap soti nan monn Jacmel

                min lyon, min lyon

                poul lal danse kanaval

               

                Min lyon, min lyon               

                lyon ki tombe d’amou sal

                Min lyon, min lyon‘

                pou yon ti lyoness ki trè bel’

 

            Sou twazyem jou, bal fini. ‘Apre bal, tanbou lou.’ Moun tonbe a tè, telman yo danse.  Alèkile, tout moun deguize komanze retire mask yo.

 

 

            Epi, oh, oh ! Lyon pran sezisman.  ‘A pa bèt jing se te moun!  Grrrrrrr!‘  Lyon rele.  Lo lyon wè sa, li konnin li pedi ti lyoness li ya.  Li kouri, li kouri san gade dèyè.  Li monte sou tèt monn la.  Li chita sou yon gro roch en ba dènye pye akajou ki rete nan forè ya, en fas rivyè dlo frèt la, lap kriye.

 

 

 

 

            ‘Kwaaak ! Lyon sak pase ? sak pase?’ di Jako.

            ‘Aye Jako, se kouto sèl ki kon sak nan kè yanm,’ repon Lyon.

            ‘A kounye la, se ou menm kap baye provèb, sa rèd nèt !  Les choses sont duuurrrrres. Di-m non, sak pase ? sak pase ?’ repon Jako.  ‘Aye Jako,’ di Lyon, ‘Mwen pran yon sèl sezisman.  Te krè bèt jing nan kanaval si la, se moun yo ye.’

            ‘Mwen te sispèk sa !’ repon Jako.

            ‘Kote sa-a ! mwen jwen yon bel ti lyoness ak bel ge klere, ak yon bel krynyè rouj.  Min se moun li ye,” Lyon explike.

            Lyon pran krye enko,

 

            “Grrrrrrr, han, han, han!’

            “Kwaaak!  La resignation fait l’homme!’ repon Jako.

            ‘Jako, mwen pa ‘homme’,’ repon Lyon, ‘Epi Jako, kitem trankil mwen, ou sinon ma manje-ou.’

            ‘Aaaahhh, sa se manti. Ou te eseye deja, plim mwen pat bon nan bouch ou; epi tou, ‘manman pa janm modè pitit li jouk nan zo, nan zo, nan zo.’ ‘ repon Jako.

 

            ‘Jako, mwen pa manman ou,’ di Lyon.

            ‘Adye! Kompè Lyon,’ repon Jako,  ‘gro tèt pa vle di lespri pou sa’.  Sa mwen vle di ou, sèke mwen se zanmi ou.  Nou se kom de frè.  Se pou sa ou pap janm manje-m.’

 

Pandan tout diskisyon sa yo, briskeman, yon ti vwa swa bo zorèye Lyon di:

            ‘Pouki wap kriye, Lyon ‘

            Lyon leve gro tèt drèdlok li a, li wè ti lyoness li ya ak bel krinye long li ya, epi ak bel gro ge klere li yo. Kè lyon fè vip ! 

 

            ‘Oh, se ou,’ lyon di-l avèk yon vwa trè sevè.  ‘Ou pran chans vini la, ou pa konnin lyon mange moun ?’

            Lyoness la, pa di a ryen.  Li pran de pat li, li rale mask la soti nan tèt li.

 

 

 

            Lyon pran sezisman. Li manke indispoze.

            ‘ Oh, a pa se lyon ou ye tou?’  li di ak emosyon, yon pat li sou kè li.

            Lyoness repon, ‘Oui, Misye Lyon.  Mwen menm tou mwen te sentim sèl. Se pou sa mwen te vin nan kanaval pou-m chèchè yon zanmi, menm si sete yon lyon en papye. ‘

            Lyon sezi.  Lyon kontan.  Li ri tèlman fo, ke tout forè ya sekoue.  Li  pran de pat lyoness la, li komanse danse kompa ak li.  Li monte, li desan, li chante, li ri, li danse san rete.

            Jako kontan tou, li di,

            ‘Dan la vi fô pa janm dezespere paske ou pa kon kisa Bon Dye kite pou ou.’ Jako dèyè yo, pye pou pye, li vole, li monte, li desan, li chante tou san rete.

            Depi lè sa, chak kanaval nan Jakmel, si moun gade byen le swa, yap wè nan reflè la lin lan, yon jako ak de lyon kap danse kompa san rete pendan twa jou kanaval yo.

 

 

               ‘Min lyon, min lyon

                kap soti nan monn Jacmel

                min lyon, min lyon

                poul lal danse kanaval ...’