Nuit Trè Sin
(O Holy Night)
O nuit trè sen, bèl zetwal yo ap briye
Se lanuit lè Jezikri te fèt.
Lontan lemonn te egare nan peche
Jouk Li parèt e nanm mwen te viv ankò.
Kè:
O jou de jwa tou lemonn ape rejwi
Pou lè gro Limyè k ap fè yon nouvo jou.
Mete jenou atè, O tande sa y ap chante.
O nuit trè sen, O nuit, O nuit lè Kris te fèt
O nuit diven, O nuit, O nuit diven.
2.
Nou suiv limyè sa a avèk tout gran jwa,
Kè nou briye avèk amou pou Jezikri.
Nou adore Li ki vin fèt pou sove nou,
Nou suiv Li menm jan
Moun saj te suiv Li.
Carols original translation from Chants Dèsperance. La Press Evangèlique. Port Au Prince, Haiti. 1995. Edited and orthographically corrected by Emmanuel Vedrine.
|