Premye Nowèl
(The First Noel)
Premye Nowèl zanj lan te pale
Bèje yo nan plèn kote yo rete
Nan plèn kote yo gade mouton,
You nwit fredi ki te fè nwa.
Kè: Nowèl, Nowèl, Nowèl, Nowèl
Jezi te fèt Wa Izrayèl
2.
Yo gade syèl la e yo wè
Yon foul bèl zanj ki ta pe chante:
Tout glwa pou Bondye nan lye trè ro,
E pè sou latè e bòn volonte.
3.
Avèk limyè yon bèl zetwal,
Twa zòm saj soti nan yon peyi trè lwen,
Ak entansyon pou yo chache yon Wa,
E yo suiv zetwal la kote li ale.
4.
Zetwal la mache tout lanui,
Rive Bètleyèm, li pa kontinye.
Li rete la epi li poze.
Tou jis kote Jezi te kouche.
5.
Alò, twa zòm saj yo vin pou antre,
Ak gran respè, yo mete a jenou.
E yo ofri Li tou sa yo te pote:
Anpil lò, lami ak lansan
6.
Nou menm tou, se pou nou mete ansanm
Pou chante lwanj Seyè nou ki nan syèl,
Ki pa t bezwen pou fè syèl ak tè
E ki vini pou sove nou.
Original translation from Chants Dèsperance. La Press Evangèlique. Port Au Prince, Haiti. 1995. Edited and orthographically corrected by Emmanuel Vedrine.
|